mercredi 20 mai 2009

ARCAHAIE / FETE DU DRAPEAU

Le discours du président de la République, M. René Préval

Pour la mémoire de tout un chacun et afin que nul n'en ignore, nous tenons à publier intégralement le discours créole francisé prononcé par le chef de l'État le 18 mai 2009, jour de la fête du Drapeau Haïtien à Arcahaie.

Pèp Ayisyen,Moun Akayè,Si an janvye 1804, nou te kapab pwoklame endepandans peyi nou devan lemonn antye, se paske nan konba nou te mennen yo, nou te reyisi chita pale youn ak lòt. Se paske nou te resi pran desizyon pou nou mache men nan men. Nan demach sa a, apati lane 1803, li te vin nesesè pou nou te bay tèt nou yon sèl senbòl ki t ap pwòp senbòl pa nou. Tout fòs ki te leve kanpe kont esklavaj la te bezwen yon drapo, pwòp drapo pa yo. Drapo a se te siyal rasanbleman tout gwoup ki te sou tè pa nou an ki te deside pou yo pa t fè bak ankò, ki te deside mennen batay la jiskaske tè kote y ap viv la vin tounen yon peyi endepandan.

Lè nou gade drapo nou an, nou santi nou fyè poutèt pakèt batay zansèt nou yo te aksepte mennen pou nou te ka vin yon pèp lib.Endepandans nou te bay tèt nou an 1804 la, se te yon endepandans politik ki te pèmèt nou egziste kòm peyi, yon peyi ki lib chwazi pwòp Konstitisyon pa l, pwòp systèm politik pa l, yon peyi ki ka deside genyen relasyon avèk peyi li vle. Pou nou ka bay endepandans politik sa a jarèt, nou genyen pou nou mennen yon lòt kalite batay: li nesesè, jodi a, pou nou genyen endepandans ekonomik nou.Jodi a, nou konn sa, nou pa genyen endepandans ekonomik nou paske peyi a pa pwodui ase richès pou l ka fè pwòp chwa devlopman pa l, paske nou sou kont peyi ak enstitisyon etranje pou nou ka jwenn lajan pou nou fè devlopman nan peyi nou an.

Nou manke endepandans ekonomik. E, manke endepandans ekonomik sa a, li rann frajil endepandans politik nou te jwenn an 1804 la. Pèp ayisyen, nou dwe pran fòs nan selebrasyon drapo nou an, pou, nan dyalòg ak solidarite, nou kapab batay pou nou ka vin genyen plis endepandans ekonomik. Batay sa a, nou dwe mennen l; se sèl fason nou kapab bay endepandans politik nou an fòs. Lè nou gade bidjè nasyonal nou an, nou ka konprann fasilman kijan endepandans ekonomik nou an fèb. Pou ane sa a, nou genyen yon bidjè de 80 milya goud. Nan 80 milya goud la, se sèlman anviwon 32 milya goud ki soti nan resèt lajan nou fè nan peyi a.

Rès 48 milya goud la ta dwe soti nan èd entènasyonal. Sa vle di, pou nou jwenn lajan pou Leta a ka fonksyone e ka bay kèk sèvis epi pou nou jwenn lajan pou nou kapab reyalize kèk pwogram ak pwojè devlopman, 60% nan lajan nou bezwen se èd etranjè.Sitiyasyon sa a mande pou nou reflechi e pou nou chwazi, nan dyalòg ak solidarite, nan ki direksyon n ap travay pou peyi nou ka devlope. Nou depann twòp de èd etranjè pou nou ka fè pwogrè ekonomik. E, lè nou depann konsa de peyi etranje, de enstitisyon etranjè, li nòmal pou peyi sa yo, pou enstitisyon sa yo, poze kondisyon pa yo anvan yo fè nou jwenn enpe nan lajan nou bezwen pou nou ka fè kèk travay nan peyi a. E, laplipaditan, nou oblije respekte kondisyon yo enpoze nou yo.Nou vin pi konprann sa pi byen paske nan mitan gwo kriz menm peyi rich yo ap viv la, mwayen pa yo ankò pi fèb e nou kapab jwenn mwens èd.

Pèp Ayisyen, depann de volonte enstitisyon entènasyonal ak peyi etranje pou nou jwenn mwayen pou nou fè devlopman, depann de kapasite ak volonte peyi sa yo, se siy ki montre nou manke nan endepandans ekonomik.Kijan n ap fè soti nan sitiyasyon sa a kote se tankou nou sou kont peyi ak enstitisyon sa yo pou nou ka devlope ? Pou nou ka reponn kesyon sa a, nou bezwen chita pale ansanm, nou bezwen dyaloge youn ak lòt, fòk genyen solidarite ant tout fòs, ant tout gwoup nan peyi a.Reponn kesyon sa a pa fasil men se yon devwa si nou vle respekte sa k te pase isit la Akayè, se yon devwa. Si nou vle respekte sa k te pase isit Akayè, se yon devwa pou n pwoteje endepandans politik ak plis endepandans ekonomik.

Pa gen lontan de sa, mwen kreye yon Komisyon sou kesyon konpetitivite, sa vle di ki sa k ta dwe fèt pou ekonomi peyi nou an ka pwofite de resous pa li, de tout chans li genyen li menm, pou li ka vanse menm jan anpil lòt peyi rive fè pwogrè. Kreyasyon Komisyon sa a se yon ekzanp, se yon ekzanp kote nou chita sou prensip dyalòg. Andedan Komisyon sa a divès gwoup sosyal chita ansanm ap reflechi, ap dyaloge.Egzistans Komisyon an se yon modèl dyalòg ki dwe genyen nan tout peyi a pou nou ka chèche ansanm chemen k ap pèmèt nou vin granmoun tèt nou nan domèn ekonomik.

Pou nou kapab ranfòse endepandans ekonomik nou, genyen plizyè efò ki fèt deja e, jodi a, mwen vle raple kèk nan yo.Premye kondisyon pou genyen devlopmam ekonomik se stabilite politik ak sekirite. Depi 3 zan, nou fè anpil efò, e jodi a, nou ka di stabilite politik la ranfòse nan peyi a. M ap pwofite, yon fwa ankò, felisite tout aktè politik yo ki te travay pou sa fèt. Sitiyasyon sekirite a vin amelyore anpil pa rapò a jan bagay yo te ye an 2006.

M ap pwofite felisite yon lòt fwa ankò PNH la e mande l pou l kontinye san febli mennen batay pou n ka genyen plis sekirite toujou. M ap remèsye MINUSTAH pou bourad li bay Lapolis la nan efò l ap fè pou bay Pèp Ayisyen sekirite.Yon lòt kondisyon, pou nou genyen endepandans ekonomik, se kreye dyòb. Youn nan kondisyon, pou nou genyen endepandans ekonomik, se kreye dyòb. Premye sektè ki ka pèmèt nou kreye dyòb pi fasil se sektè agrikòl la. Anpil Ayisyen se peyizan, pifò ladan yo. Men, yo bezwen dlo pou wouze, angrè bon mache, semans bon mache, traktè ak zouti pou yo travay tè. Anpil efò fèt nan domèn sa a.

Minis Agrikilti, Sekretè Deta Ministè Agrikilti, fè moun konnen ki efò k fèt sou dlo k ap bay, pri angrè k bese, pri semans ki bese, kantite traktè ki achte e kantite zouti k bay.Akote sektè agrikòl peyizan an, nou konnen gen anpil moun ki pa gen tè pou yo travay, e pou milye moun sa yo ki pa gen tè pou travay, pi gwo opòtinite jodi a se Akò Ayiti jwenn ak peyi Ameriken pou sèten pwodui nou fè isit antre lakay yo san peye taks. Fòk nou pa bay tèt nou manti.

Si nou jwenn Akò sa a se paske Ayiti se youn nan peyi ki gen mendèv pi bon mache. Si Ayiti se peyi ki gen mendèv pi bon mache se paske Ayiti se youn nan peyi ki gen plis chomaj. Mendè bon mache! Chomaj! Kidonk, nou gen pou n kenbe kont de 2 reyalite sa yo:1)Ogmante pri mendèv la pou ouvriye yo gen plis kòb nan men yo pou yo viv;2)Pa ogmante chomaj la, kote plis moun pa p gen anyen pou viv.Pwoblèm nan serye, li grav, li mande anpil analiz. Li mande anpil chita pale, diskisyon serye pou n abòde l byen.

Gen lòt sektè ki kapab kreye richès, ki kapab pèmèt nou ranfòse endepandans ekonomik nou. Youn ladan yo se touris. Touris lokal la kòmanse avèk sekirite a. Anpil moun nan peyi a al an pwovens kouliye a. Anpil Ayisyen k ap viv lòt bò dlo anvi tounen lakay yo pou fèt patronal, vin fè vakans. Se yon aktivite ki ka pote kòb annndan peyi a. Avèk sekirite an ki retounen, wout k ap fèt, nou kòmanse wè aktivite touris swa lokal, swa dyaspora kòmanse pran jarèt.

Nan wout k ap fèt jounen jodi a, nou kapab site pa ekzanp:-Wout Sid la ki soti Pòtoprens depase Okay, rive Pòsali e k ap kontinye;-Wout Platosantral ki rive Mibalè , y ap travay kouliye a sou wout Mibalè-Ench, nou gen tan jwenn finansman pou Ench-Okap la;-Wout Okay-Jeremi a pwal kòmanse nan mwa jiyè k ap vini la a;-Wout Nasyonal N01 an ap refèt, fòk nou jwenn resous pou nou fè Senmak jis Okap;-Pou nou chèche resous tou pou n fè wout Gwomòn-Pòdpè;-Epi wout Miragwàn-Titwoudenip.Wout sa yo ap koute anpil kòb. Men annatandan, CNE ki remete kanpe kòmanse bay gwo bourad nan fè wout, kanal irigasyon, pwoteje tè peyizan kont inondasyon. Pou tout devlopman sa yo fèt, fòk gen kouran anndan peyi a.

Leta fè efò mete plis pase 60 megawat kouran anplis nan peyi a. Nou wè sa nan Pòtoprens, nou wè sa Okap, nou wè sa Gonayiv, nou wè sa Okay. Men, gen yon lòd ki pou mete nan zafè kouran an. Leta pa ka kontinye ap pwodui kouran pi chè pase jan l ap vann kouran an. EDH pa ka kontinye pa touche plis pase 50% kouran ke li pwodui a. EDH jwenn yon sibvansyon plis pase 100 milyon dola nan men Leta ayisyen. Fòk nou met yon lòd pou nou kapab rekipere 100 milyon dola sa a. Ak 100 milyon dola sa a nou ka fè lekòl, nou ka fè sant sante, nou ka fè wout, san nou pa nan tanpri souple.

Fòk nou met lòd, fòk nou serye, E, se nan met lòd nan jesyon finansyè peyi a kominote entènasyonal la, enstitisyon finansyè avèk peyi etranje nou te dwe, nan mwa jiyè k ap vin la a, ap efase dèt Ayiti pou plis pase yon milya dola, paske nou gen lòd. Efasman dèt sa a ap fè gen plis pase 50 milyon dola Ayiti pa p peye ankò pou dèt li. 100 milyon EDH, 50 milyon dola dèt nou pa p peye paske nou serye, se yon ekzanp sa nou kapab fè pou nou pa nan tanpri souple ankò.Pèp Ayisyen, nan selebrasyon fèt drapo nou an, nou pa p kapab ap sonje sèlman sa k te pase lontan.

Se vre, nou fyè anpil pou kouraj ak volonte zansèt nou yo te genyen, pou viktwa san parèy sa a yo te ranpòte a. Men tou, fòk nou sèvi ak egzanp yo ban nou an, pou nou chèche chemen k ap pèmèt nou soti nan sitiyasyon kote nou pa genyen ase endepandans ekonomik.Nou deja sou wout la, jan m sot di sa.

Il sifi nou kontinye chita pale antre nou, il sifi nou fè efò pou stabilite sa a, sekirite sa a nou kenbe l, nan bay travay, nan mete wout, nan bay elektrisite, nan mete plis lòd toujou nan jan Leta ap depanse lajan. Fòk nou fè efò tou pou gen kontinyte. Fòk nou fè efò pou CNE pa kraze jan l te kraze a, kote nou oblije achte yon lòt CNE; pou Sèvis Plis pa kraze jan l te kraze a, kote nou oblije achte yon lòt Sèvis Plis.

Fòk nou fè efò pou wout n ap konstwi yo, pou nou kenbe yo, fè antretyen yo tout tan pou se pa toujou rekòmanse chak ane.Jodi a, Pèp Ayisyen, pou nou bay fèt drapo a tout sans li, fòk nou bay endepandans ekonomik peyi nou an tout chans li. Pou nou bay fèt drapo a tout sans li, fòk nou bay batay pou devlopman ekonomik peyi a tout chans li, nan chita pale, nan dyalòg.Mwen di nou mèsi anpil.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire